Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Kòmanse yon Toune 6 Jou sou Kontinan Ewopeyen an


Prezidan ameriken an Barack Obama ak madanm ni Michelle Obama k ap mache nan Irland ak prezidant irlandè a Mary McAleese ak mari li Martin McAleese
Prezidan ameriken an Barack Obama ak madanm ni Michelle Obama k ap mache nan Irland ak prezidant irlandè a Mary McAleese ak mari li Martin McAleese

Prezidan ameriken an, Barack Obama, twouve l lendi 25 me a nan Irland kote li tanmen yon toune 6 jou k ap mennen li nan 4 peyi.

Pandan virewon sa a, misye Obama genyen pou l ranpli yon misyon diplomatik wo-nivo konsènan mouvman leve-kanpe k ap dewoule nan Mwayen Oryan an, l ap fè chita-tande sou difikilte ekonomi mondyal la ap travèse nan kad somè G-8 la ki pral reyini pi gwo peyi endistriyalize yo nan Lafrans, epi l ap pwofite pou l selebre eritaj irlandè fanmi li bò kote manman n.

Mouvman leve-kanpe k ap fè san koule nan peyi Libi, mete sou wòl Lèzetazini nan bonbadman L’OTAN fè sou twoup militè ki fidèl anvè rejim Kolonèl Mohammar Khadafi a, byen kapab okipe premye plas la nan chita-tande Misye Obama pral genyen ak lidè ewopeyen yo.

Sepandan obsèvatè yo atann yo aske prezidan ameriken an ak kòlèg li yo ann Ewòp abòde tou gwo defi lidè sa yo gen pou simonte nan moman peyi yo ap fè efò pou yo relanse ekonomi yo pandan lemond ap fè fas ak yon resesyon jeneralize.

Pandan 6 jou k ap vini la yo, Prezidan Obama genyen pou l rankontre pèsonèlman e yon fason separe avèk Premye Minis britanik la, David Cameron, prezidan ris la, Dmiri Medvedev, prezidan fransè a, Nicolas Sarkozi epi Premye Minis japonè a, Naoto Kan, tandiske li genyen pou l fè yon rankont an gwoup avèk lòt lidè mondyal yo.

Anvan prezidan ameriken an tanmen gwo diskisyon ofisyèl nan wo-nivo sa yo, li genyen pou l al vizite yon ti vilaj nan peyi Irland ki rele Moneygall, kote 296 moun sèlman abite e kote gran-gran-gran papa l, bò kote manman n, te pran nesans an 1830. Gran zansèt sa a, ki te rele Falmouth Kearney, te kite Irland 20 tan apre --swa an 1850-- pou l te vin viv Ozetazini.

XS
SM
MD
LG