Prezidan ameriken an, Barack Obama, twouve l nan vil Lond, kapital Angletè, kote li genyen pou l rankontre pi ta avèk Rèn Elizabèt II e ak Premye Minis David Cameron, nan kad yon toune 6 jou k ap mennen li menm ak madanm li, Michelle, nan 4 peyi.
Koup prezidansyèl Lèzetazini an pral patisipe nan yon seremoni nan Buckingham Palace kote y ap genyen pou dejene avèk Larèn; ansuit, nan fen jounen an, yo pral patisipe nan yon dine d’Eta, toujou nan palè wayal la. Daprè La Mezon Blanch, misye Obama genyen tou pou l depoze yon jèb flè nan Abeyi Westminster la, anvan li rankontre ak lidè opozisyon an, David Miliband.
Toujou sou pwogram vizit misye Obama nan vil Lond la, lidè ameriken an ak Premye Minis David Cameron genyen pou yo fè chita-tande sou kesyon sekirite e sou domèn ekonomik la, nan moman y ap fè preparasyon pou yo patisipe nan Somè G-8 la pi ta semèn sa a nan peyi Lafrans.
Nan yon atik ki parèt madi 24 me a nan jounal The Times of London, 2 lidè yo fè konnen relasyon ki egziste ant Lèzetazini ak La Grand Bretay se relasyon ki non sèlman espesyal, men yo esansyèl. Misye Obama te debake nan vil Lond nan fen jounen lendi 23 me a, yon ti kras pi bonè pase lè ki sou pwogram nan, apre li te mete fen anvan lè nan yon vizit nan peyi Irland, paske responsab yo te vle evite move konsekans yon vòlkan ki fèk antre ann aksyon nan peyi Izland e ki kapab voye sann-di-fe ak lafimen sou zòn ki tou prè yo.