Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Rankontre Separeman ak lidè Palestinyen an e ak Premye Minis Izrayèl la


Prezidan Obama rankontre separeman ak Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu
Prezidan Obama rankontre separeman ak Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu

Prezidan Barak Obama pral fè rankont separe nan Nouyòk, mèkredi 21 septanm 2011 la, avèk kòlèg palestinyen li, Mahmoud Abbas, e ak Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, nan kad efò Lèzetazini ap deplwaye pou l evite yon chòk diplomatik ant 2 pati yo nan Nasyon Zini.

Misye Abbas pran tèt yon kanpay pou wè si l’ONU ta rekonèt yon Eta palestinyen, malgre efò divès eta-manm òganizasyon mondyal la ap fè pou dosye a pa ale devan Konsèy Sekirite a.

Administrasyon Obama a pran angajman pou l poze veto l sou yon plan konsa, pandan l ap fè efò pou wè si Prezidan Abbas ak Premye Minis Netanyahu ta retounen bò tab negosyasyon yo.

XS
SM
MD
LG