Prezidan Michel Martelly remèsye kominote entènasyonal la pou asistans lap bay Ayiti depi katastwòf 12 Janvye 2010 la e pou sipò Nasyonzini pote atravè Misyon Estabilizasyon li a nan peyi-li. Men misye Martelly, ki te pran lapawòl vandredi 23 septanm 2011 lan devan 66 zyèm Asanble Jeneral L'Onu an, envite òganizasyon mondyal la ede'l rekonstwi Ayiti e depase wòl fòs entèpozisyon ou wòl obsèvatè plizoumwen "neutres" lap jwe nan nasyon karibeyen an.
Diskou misye Martelly a rive nan moman fòs mentyen lapè Nasyonzini an, Minustah, ap fè fas ak pi plis kritik nan peyi Dayiti sitou apre eskandal Port-Salut a ak deklanchman epidemi Cholera a, ki deja pran lavi preske 5.000 moun, san bliye plizyè lòt ensidan yon pati popilasyon an lage sou do sòlda l'Onu yo.
Chèf l'Eta ayisyen an, san site dirèkteman ensidan nou site pi wo yo---ensidan li rele "bavures innacceptables" ki sal imaj Misyon an---di Misyon an pa ka leve do'l konsa kite Ayiti, san preyavi. Misye Martelly di ensidan yo pa dwe tounen pye bwa ki kache tout forè a.
Prezidan Martelly deklare "estabilizasyon vle di plis pase mentni lapè, li se e li se sitou "konstriksyon Eta de dwa ak etablisman enstitisyon fò ki pase anvan privilèj ak gwoup enterè yo".
Li di politik estabilizasyon gouvènman li a ap pase pa 4 gran aks: Edikasyon, Anplwa, Anviwonnman ak Eta De Dwa. Michel Martelly mande pou pèp ka p viv nan rejyon Sid Glòb la deside sou richès, sou byen yo posede e sou desten yo... menm lè li rekonèt Ayiti pa kapab anpase'l asistans entènasyonal la, ni savwafè ak kooperasyon nasyon sè li yo, kit sila ki nan rejyon Sid kap devlope a ou nan rejyon Nò ki sipoze rich la.
Anfen, prezidan ayisyen an an di apre tout kalamite, maladi, grangou ak eksklizyon Ayiti kanpe sou doubout e li pare pou'l rebati tèt li e pare pou'l redemare. "Ayiti kanpe tèt-kale" e se nouvo Ayiti sa a kilouvri bra l bay le mond, pou envestisman, pou kooperasyon, rekonstriksyon, dyalòg ak lapè", deklarasyon Mr. Michel Joseph Martelly.
NB: Ale sou ikòn mp3 ki anwo, adwat paj wèb la, pou w koute diskou prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, devan 66 zyèm Asanble Jeneral Nasyonzini an, vandredi 23 septanm 2011 la.