Accessibility links

Breaking News

Prezidan Iranyen an, Mahmoud Ahmadinejad Kòmanse yon Virewon nan Amerik Latin nan avèk yon Vizit o Venezuela


Prezidan Iranyen an, Mahmoud Ahmadinejad (AP Photo/Ariana Cubillos)
Prezidan Iranyen an, Mahmoud Ahmadinejad (AP Photo/Ariana Cubillos)

Prezidan iranyen an, Mahmoud Ahmadinejad, kòmanse yon virewon nan rejyon Amerik Latin nan.

Otorite ameriken yo konsidere toune sa a kòm yon sign dezespwa pou Iran ki anba gwo sanksyon akoz pwogram nikleyè li a ki soulve gwo pawòl anpil. Msye Ahmadinejad rive o Venezuela dimanch 8 janvye 2012 la e se Vis-Prezidan peyi a, Elias Juau, ki t a l rankontre l nan ayewopò a.

Msye Ahmadinejad te souri e li te voye men bay fou l la, men li pa t fè okèn deklarasyon anvan li te kite ayewopò a. Lidè iranyen- an gen pou l rankontre lendi 9 janvye a avèk Prezidan Hugo Chavez, ki se yon alye li genyen depi lontan. Prezidan Mahmoud Ahmadinejad gen pou l vizite tou peyi Nikaragua, Kiba ak Ekwatè.

XS
SM
MD
LG