Accessibility links

Breaking News

Prezidan Iranyen an ap Kontinye yon Virewon nan Amerik Latinn


Prezidan Kiben an Raul Castro ak Prezidan Iranyen an Mahmoud Ahmadinejad nan Kiba (AP Photo/Ismael Francisco, Prensa Latina)
Prezidan Kiben an Raul Castro ak Prezidan Iranyen an Mahmoud Ahmadinejad nan Kiba (AP Photo/Ismael Francisco, Prensa Latina)

Nan yon diskou Prezidan iranyen an, Mahmoud Ahmadinejad, fè nan peyi Kuba nan kad youn nan dènye etap yon virewon l ap fè nan rejyon Amerik Latin nan , li kritize kapitalism ke l konsidere kòm “yon sistem an dekans .“

Prezidan Ahmadinedjad deklare se yon “ wout ki pa men-nen okenn kote” e li presize mank lojik kapitalis yo lè yo tilize zam pou touye e detwi. Lidè iranyen an pale konsa pandan yon mesaj li delivre nan Inivèsite La Avann nan kote li resevwa yon distenksyon akademik onorè.

Prezidan iranyen an pa fè diskisyon sou pwogram nikleyè l li lakoz anpil pale ni li pa abòde eksplozyon bonm ki pran lavi yon syentifik nukleyè iranyen nan Tehran. Otorite iranyèn yo lage responsabilite lanmò sa sou do Izraèl ak Lèzetazini.

Vizit mesye Ahmadinedjad sa a dewoule pandan presyon entènasyonal la ap monte kont Tehran pou pwogram nikleyè l la ---yon dosye ki lakoz gwo sanksyon kont peyi Iran.

XS
SM
MD
LG