Accessibility links

Breaking News

Prezidan Globovizyon Nan Venezuela ap Mande Azil Ozetazini


Nan peyi Venezuela, responsab yon chèn televizyon k ap soutni opozisyon an di li pap kapap retounen nan peyi l akoz laperèz li genyen pou otorite yo pa arete l. Li fè konnen tou gen posibilite pou l fè yon demand azil politik Ozetazini. Prezidan Globovizyon Guillermo Zuloaga di Lavwvwadlamerik, kèk responsab ameriken ak avoka yo konseye l fè demand azil politik la.

Mwa pase a, gouvènman prezidan venezuelyen an Hugo Chavez te pase lòd pou arete mesye Zuloaga pou swa dizan zak kriminèl e pou tèt li stoke ilegalman 24 machinn Toyota tou nèf. Zuloaga ki genyen yon konpayi ki vann machinn rejte akizasyon sa yo. Ajan sekirite ta l lakay Zuloaga pou te arete li menm ak yon pitit gason l, men yo pat lakay yo nan moman an.

Semèn ki sot pase la yo, Zuloaga te twouve l nan katye jeneral Òganizasyon Eta ameriken yo( OEA) kote l te vinn chèche asistans nan men Komisyon Entè Amerikèn Dwa moun nan. Zuloaga presize, li te ale nan OEA pou l ta l chèche jistis ki pa egziste O Venezuela.

Yon lòt kote, gouvènman kolonbyen an di li gen prèv ke gwoup rebèl « hors la loi » yo kache nan Venezuela ki se yon peyi vwazen. Biwo prezidan Alvaro Uribe fè konnen jedi 15 jiyè a li gen bon jan prèv ke 4 lidè Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi yo (FARC) ak youn nan Lame Liberasyon nasyonal (ELN) twouve yo nan peyi Venezuela. Gouvènman an di ministè defans la ap gen pou l prezante dokimantasyon pou pwouve sa l di yo. Pami rebèl kolonbyen ki kache nan Venezuela , genyen Ivan Marquez, yon lidè FARC. Gouvènman Caracas la poko reyaji sou akizasyon sa yo.

XS
SM
MD
LG