Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, Di Administrasyon li a Ap Mache Tankou yon Machin ki Sot Fè yon Bon Sèvis Mekanik


Prezidan Ameriken an, Donald Trump, tap pale ak laprès 16 fevriye, 2017, nan East Room (Sal Ès) nan Mezon Blanch, Washington DC.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump, tap pale ak laprès 16 fevriye, 2017, nan East Room (Sal Ès) nan Mezon Blanch, Washington DC.

Prezidan Donald Trump te sèvi ak premye konferans pou laprès li te bay pou kont li pou l te defann sou tout pwen premye mwa li nan pouvwa a ki te boulvèse. Mesye Trump demanti nouvèl ki pale de pakèt dezòd ki nan Mezon Blanch e li ensiste pou l di administrasyon li a ap mache tankou yon machin ki sot fè yon bon tune up.

Konferans pou laprès la, ki te dire 75 minit, pafwa te sanble yon batay e te komik, kote Prezidan Ameriken an tanzantan te fè blag e te bay près la leson nan East Room (Sal Ès) Mezon Blanch la.

Mesye Trump te site anpil pwen li konsidere kòm akonplisman li. Pami yo, li wete Etazini nan Tèt-Ansanm Trans-Pasifik-la, li òdone gouvènman federal la fè yon kanpe sou anplwaye moun, e li te elimine anpil regleman nan sistèm leta a.

XS
SM
MD
LG