Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ali Abdullah Saleh Tounen Yemen


Moun kap montre sipò yo bay Prezidan Ali Abdullah
Moun kap montre sipò yo bay Prezidan Ali Abdullah

Prezidan peyi Yemen nan, Ali Abdullah Saleh, ki te blese nan yon tantativ asasinay, retounen nan Yemen apre li te fin pase 3 mwa ap refè nan Arabi Saoudit.

Televizyon leta Yemen fè konnen Prezidan Saleh rive vandredi soti nan kapital Arabi Saoudit la, Riyadh, kote li te resevwa tretman apre li te brile nan yon atak ak bonm sou bitasyon prezidansyèl li nan Sana’a.

Retou li a fèt nan moman batay ap fè raj ant fòs ki anfavè ak fòs ki kont gouvènman an pou yon 6èm jou youn apre lòt, sak lakoz prèske 100 moun pèdi lavi yo depi Dimanch ki sot pase a.

Msye Saleh rete kole sou pouvwa a malgre 8 mwa pwotestasyon kote plizyè milye moun okipe beton an pou reklame yon fen nan rejim li a ki la depi 33 zan. Konsèy Kooperasyon Gòlf la te reyini, semèn sa, ak vis prezidan Abed Rabbo Mansour Hadi nan Sana’a nan yon efò pou relanse yon plan ki bloke depi lontan ki mande pou Prezidan Saleh remèt pouvwa a bay yon asistan l.

XS
SM
MD
LG