Accessibility links

Breaking News

Prezidan Aljeri ap Chache yon 5èm Manda Malgre Dout sou Kondisyon Sante li


Sitwayen aljeryen an Frans pran lari kote yap manifeste kont Prezidan Abdelaziz Bouteflika kap chache yon 5èm manda. Dimanch 10 mas 2019. (Foto: AP/Francois Mori)
Sitwayen aljeryen an Frans pran lari kote yap manifeste kont Prezidan Abdelaziz Bouteflika kap chache yon 5èm manda. Dimanch 10 mas 2019. (Foto: AP/Francois Mori)

Prezidan Aljeryen an Abdelaziz Bouteflika debake nan Aljeri dimanch 10 mas nan mitan yon vag pwotestasyon kont desizyon pou l chache yon 5èm manda.

Bouteflika, ki gen 82 zan, sot pase 2 semen nan vil Jenèv an Swis kote dapre biwo prezidans la li tal fè yon vizit medikal woutin. Obsèvè yo fè konnen prezidan an ki pa prezante souvan an piblik depi te fè yon kriz kadyak an 2013 e ke kondisyon sante l pa kòdyòm.

Lòt nouvèl:

Otorite yo nan Malezi libere lendi 11 mas la yon dam endonezyen yo te kenbe nan prizon depi 2017 anba akizasyon kòmkwa li ta touye demi frè Lidè Nò Koreyen an. Tribinal Wot kou de jistis la andeyò kapital la, Kuala Lumpur kite tonbe akizasyon ki t ap peze kont Siti Aisyah san li pa bay okenn rezon.

XS
SM
MD
LG