Accessibility links

Breaking News

Prezida Obama Felisite “Chanjman Ekstwòdinè” Nan Mwayen Oryan


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Prezidan Etazini an Barack Obama wete chapo devan “chanjman ekstwòdinè” k ap fèt nan Mwayenn Oryan an ak nan Nò Afrik la.

Sepandan, li fè konnen gen twòp peyi kote dirijan-yo sèvi ak vyolans pou yo reyaji kont van chanjman sa a.

Mesye Obama te pale konsa jedi 19 me 2011 la, nan Depatman Deta, kote li lonje dwèt sou Libi kòm ekzanp ki pi ekstrèm nan.

Li di Moammar Gadhafi deklare lagè kont pwòp pèp li, epi plizyè milye moun t ap jwenn lanmò yo nan Libi, si se pat granmèsi entèvansyon Etazini ak alye li yo.

XS
SM
MD
LG