Accessibility links

Breaking News

Prèv Ta Montre Pakistan Te Vann Kore di Nò Teknoloji Nikleyè


Fondatè pwogram nikleyè pakistanè a, Abdoul Qadeer Khan
Fondatè pwogram nikleyè pakistanè a, Abdoul Qadeer Khan

Daprè jounal ameriken, The Washington Post, fondatè pwogram nikleyè pakistanè a, Abdoul Qadeer Khan, bay prèv ki montre Kore di Nò te peye kèk ofisye wo-grade nan lame pakistanèz la plis pase 3 milyon dola pou yo te fè Pyongyang jwenn teknoloji nikleyè nan ane 90 yo.

Jounal la fè konnen misye Khan pibliye kèk dokiman ki bay detay sou transfè teknoloji a --pami dokiman sa yo genyen yon lèt yon otorite nò-koreyen te ekri li pèsonèlman nan ane 1998.

Washington Post kontinye pou l di sèvis espyonaj peyi oksidantal yo panse lèt la se yon bon jan dokiman e li gen ladan n kèk detay “tòp sekrè” ke sèl yon ti ponyen moun nan Pakistan, Kore di Nò e Ozetazini konnen. Otorite pakistanè yo reyaji pou yo di lèt sa a se yon fo; e sa sèlman misye Khan ap eseye fè, se lage blam nan sou do lòt moun.

XS
SM
MD
LG