Kòporasyon Radyodifizyon Britanik la (BBC) di militant demokrat birmàn Aung San Suu Kyi (Pri Nobel Lapè 1991) konpare nan yon "Lodyans" anrejistre pwotestasyon "Arab Spring nan " ak devlopman k ap fèt nan peyi li, Birmani. Lodyans sa a.kòmanse pase sou chèn radyo britanik la depi madi 28 jen 2011 la.
BBC di yo te filme 2 lekti sa yo an sekrè nan Birma e yo te fè l sòti an contrabann (anba chal) pou voye l nan Gran Bretay kote yo te pase l devan yon piblic nan vil Lond.
Chèn britanik la di nan premye "Lodyans lan" (ki rele Libète) Aung Sang Suu Kyi konpare imolasyon (swisid eleman ki te mete dife sou li e ki te deklanche revolisyon desanm ane pase a nan Tunizi) ak lanmò yon etidyan Birman pandan pwotestasyon 1988 yo.
Nan yon transkripsyon "lodyans lan" jounal ,Times of London pibliye, Lorea Pri Nobel la di revolt nan Pwòch Oryan an se yon “enspirasyon” pou pèp li a e li di “nou menm nan Birmani, nou anvye revolisyon fasil e rapid ki fèt nan Ejipt la”.
2èm Lodyans lan rele "Dissent" ki vle di "Kontestasyon, Opozisyon".