Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Putin Akize Etazini Dèske l ap Agase Opozisyon an nan Larisi


Premye Minis Ris la Vladimir Putin (AP Photo/Alexander Zemlianichenko)
Premye Minis Ris la Vladimir Putin (AP Photo/Alexander Zemlianichenko)

Premye minis ris la, Vladimir Putin, joure Lèzetazini, li kritike Washington dèske l ap agase opozisyon an.

Mesye Putin deklare komantè sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, te fè yo bay advèsè li yo se yon siyal. Chèf diplomasi amerikèn nan di avan yè madi a ke eleksyon palmanté Larisi yo pat ni lib, ni onèt e rezilta yo soulve anpil kè sote.

Lidè opozisyon yo te siveye 3 jou manifestasyon ki te dewoule pou eksprime fristrasyon yo avèk eleksyon yo. Obsèvatè entènasyonal yo di vòt la te chaje ak bri k ap kouri kòmkwa bwat urn yo te boure ak fo bilten e te gen anpil lot iregilarite.

XS
SM
MD
LG