Premye Minis Nouvèl Zeland, Jacinda Ardern deside demisyonen.
Li te tounen yon ikon global pati de goch la, epi trase yon nouvo ezanp lidèship.
Ardern te gen 37 an lè li te eli, e moun toupatou nan mond lan te chante lwanj li pou fason li te jere youn nan fiziyad kote plis moun mouri nan istwa peyi li, epitou pandemi COVID-19 la.
Sepandan, li te fè fas ak anpil presyon politik lakay li ak jouman bò kote opozan li yo ke okenn lidè Nouvèl Zeland pat janm konstate.
Sepandan, anons li peyi a, ki gen 5 milyon abitan.
Ardern di jounalis yo nan vil Napier Jedi ke 7 Fevriye se va dènye jou li kòm premye minis.
Ardern di li pase 6 zan nan pòs la e li bay tout sa li te kapab. Li di pou kounyea li pa gen okenn plan apa angajman li genyen ak pitit fi li, Neve epi fiyanse li Clarke Gayford. Li te oblije anile plan maryaj li akoz pandemi COVID-19 la.
Ardern di lap kontan akonpaye pitit li lekòl pi ta ane sa a epi li pare pou'l marye ak fiyanse li.