Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Britanik la, Theresa May, Ka Oblije Reponn Kesyon sou Lè li te Minis Enteryè Peyi a


Premye Minis Britanik la, Theresa May, pandan li tap fè yon diskou kanpay nan sant Lond, 5 jen 2017.
Premye Minis Britanik la, Theresa May, pandan li tap fè yon diskou kanpay nan sant Lond, 5 jen 2017.

Premye-minis Grand Bretay la, Theresa May, ka oblije defann ansyen dosye li lèl te minis enteryè, e kòm moun ki te bati politikman sistèm peyi a pou kontre teworis. Pandanstan, gen plis detay kap soti sou 3 asayan yo ak sa ajans sekirite yo te konnen sou yo anvan yo te komèt atak ak karyòl e ak kouto, samdi a nan kè vil Lond.

Anvan vòt ki pwal dewoule demen anvan fen semèn nan yon eleksyon palmantè tou kout, ke Madam May te dekrete nan espwa pou l asire yon viktwa lavalas. Atak teworis la gate enpresyon konpetans ke Madam May te bay lè te minis enteryè, yon pòs ke li te kenbe pandan 6 lane e ke l te kite pou l monte premye minis ane 2016 pase a.

Minis Afè Etranjè Boris Johnson rekonèt ke gen kesyon pou ki merite repons sou ki jan 3èm eleman an te prepare e ekzekite zak la san sèvis ransèyman pat detekte l. Lapolis siste non eleman sa a, Youssef Zaghba, ki gen 22 lane, ki te sou lis sispèk nan peyi Itali kòm konbatan etranje.

Yon lòt kote Grand Bretay te obsève yon minit silans jounen madi 6 jen an pou onore moun ki te viktim nan atak teworis samdi a nan Lond, lè lapolis te fin site non 3èm asayan an ke polisye yo touye e pandan otorite kontinye ak operasyon pou jwenn lòt konplis yo.

Lapolis "metropolitèn" nan zòn Lond la kwè ke Youssef Zaghba sete dènye asayan an ke piplik la pa t konnen. Lapolis fè konnen yo kwè li te yon sitwayen italyen ki se desandan peyi Mawòk, ki te rete nan pati Ès vil Lond, e ke ni lapolis ni ajans ransèyman an MI5 pa t enterese nan li.

XS
SM
MD
LG