Accessibility links

Breaking News

Premye Minis End lan Resevwa yon Bèl Akèy nan Tel Aviv, an Izrayèl

Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, (adwat) kap mache ak Premye Minis End la, Narendra Modi, nan Olga Beach tou pre Hadera, ann Izrayèl kote ki gen yon enstalasyon pou desale dlo konpayi G.A.L. ap jere. Izrayèl, 6 Jiyè, 2017.

Televizyon nan End pase imaj ki montre Premye Minis peyi a, Narendra Modi, pandan li te fin rive nan Tel Aviv, Izrayèl, kote li resevwa yon bèl akèy sou tapi wouj.

Mesye Modi deja vizite Lanmè Mediterane a ansanm avèk tokay izrayelyen li, Benjamin Netanyahu. Obsèvatè kap fè kòmantè sou vizit sa a nan, New Delhi, kapital End la, pale de sa ki pa twò bèl nan istwa relasyon ant 2 peyi yo. Se premye vizit yon Premye Minis endyen ann Izrayèl.

Dapre obsèvatè sa yo, vizit sa a se pa yon mwayen pou idantifye piblikman pwoblèm ki te gen nan relasyon 2 peyi yo depi 25 lane. Se opinyon Pwofesè Jawara-Harlar kap anseye nan Inivèsite Nehru nan New Delhi.

XS
SM
MD
LG