Premye minis chinwa a, Wen Jibao, rejte konparezon ant Lachinn ak rejyon Mwayen Noryan an e ak Afrik Di Nò a nan sa ki gen rapò ak rebelyon popilè ap skaje.
Nan yon pwen pou laprès, misye Wen di jounalis yo: li pa jis pou yo konpare LaChin ak peyi tankou Tinizi ak Egypt, kote manifestan anti-gouvènmantal kapote dirijan yo atravè gwo manifestasyon popilè.
Deklarasyon misye Wen yo tonbe nan fen Kongrè Di Pèp la, ki apwouve yon plan ekonomik 5 kan---plan ki vize bay konsomatè yo plis pouvwa dacha, men rejte refòm politik.