Premyè dam amerikèn nan, Michelle Obama, retounen Ozetazini aprè yon vire-won yon semèn li fè nan 2 peyi sou kontinan afriken an.
Avyon k ap transpòte Madam Obama kite peyi Botswana dimanch 26 jen 2011 la, swa yon jou aprè li te mete yon fen nan toune a avèk yon safari ki dewoule nan peyi Afrik di Sid.
Premyè dam amerikèn nan --ki te genyen avèk li 2 pitit fi li yo, manman n, yon nyès ak yon neve li-- te fè chita-pale nan peyi Botswana avèk Prezidan Ian Khama, aprè li te fin rankontre nan Afrik di Sid ak 2 ansyen Pri Nobèl Lapè, ansyen Prezidan Nelson Mandela ak Achevèk Desmund Tutu.
Avyon Madam Obama a ateri Washington lendi.