Premyè dam Etazini an Michelle Obama mande jèn medam afrikèn yo itilize bèl eritaj yo genyen an pou yo rezoud pwoblèm ki poze nan sosyete yo.
Madan Obama te pran lapawòl nan fowòm lidè fanm Afrikèn yo --yon fowòm Lèzetazini patwone nan vil Soweto, avèk patisipasyon fanm ki sòti nan peyi ki anba rejyon Sahara Afriken an.
Se yon seri de fanm k ap dirije pwogram ki vize devlopman sosyal ak ekonomik nan pwòp peyi yo, oubyen k ap patisipe nan ekzekisyon pwogram sa yo.
Madan Obama di fanm yo reprezante avni kontinan afriken an e li atire atansyon sou san ak swe ki te koule, avèk sakrifis ki te fèt pou kite eritaj sa a pou yo.