Accessibility links

Breaking News

Premyè Dam Amerikèn nan Ap Kontine yon Toune sou Kontinan Afriken an


Michelle Obama nan yon sant adolesan nan Botswana
Michelle Obama nan yon sant adolesan nan Botswana

Premyè dam Lèzetazini an, Michelle Obama, gen pou l rive Botswana nan kad yon toune l ap fè sou kontinan afriken an.

Jedi, pandan madam Obama te ann Afrik di Sid, li te mete ansanm ak Loreya Pri Nobèl Lapè Achevèk Desmond Tutu pou l ankouraje popilasyon an devlope abitid ki ka pèmèt li viv an sante.

Premye dam nan te patisipe nan yon rankont foutbòl ak plizyè ti moun. Pandan Madanm Obama t ap pale ak ti moun sa yo, li di yo bezwen fè chwa entelijan pandan y ap pran swen pwòp tèt yo, si yo vle tounen eleman itil e konstriktif nan sosyete yo.

Achevèk Tutu, bò kote pa l, fè ti moun yo konnen prezans premyè dam amerikèn nan se yon prèv ki montre gen posibilite pou yo fè anpil bèl bagay, bagay yo pa ta panse, nan avni yo.

XS
SM
MD
LG