Accessibility links

Breaking News

Ewòp: Bank Santral la Dakò Pou Prete Bank Komèsyal yo Plis Lajan


Ewòp: Bank Santral la Dakò Pou Prete Bank Komèsyal yo Plis Lajan
Ewòp: Bank Santral la Dakò Pou Prete Bank Komèsyal yo Plis Lajan

Bank santral peyi ki pi rich sou planèt la dakò pou yo prete bank komèsyal ewopeyen yo plis lajan an dola ameriken, espesyalman enstitisyon bankè ki gen difikilte pou jwenn lajan prete akoz relasyon yo genyen ak gouvènman sou kontinan an k ap finn kofre anba dèt.

Responsab bank santral ewopeyen an fè konnen li pare pou l fè bank nan zonn ewo a jwen yon prè ke y ap kapab itilize pandan 3 mwa an kowòdinasyon ak rezèv federal Lèzetazini an, Bank Dangletèr, Bank Japon an ak bank nasyonal suiss la.

Responsab bank santral ewopeyen an di nouvo prè sa yo pral pèmèt bank komèsyal genyen yon aksè sifizan ak deviz amerikèn nan jiskaske ane 2011 la rive nan bout li. Anons sila a sanble li bay aksyon bankè sou kontinan an yon bèl bourad nan endis gwo mache labous ewopeyen yo.

XS
SM
MD
LG