Accessibility links

Breaking News

Washington Ajoute $32 Milyon sou Assistans Li pou Ayiti Apre Tranblemanntè a


Samantha Power, administratris USAID, ki anonse Lèzetazini ap mete 32 milyon dola sou èd li pou Ayiti .
Samantha Power, administratris USAID, ki anonse Lèzetazini ap mete 32 milyon dola sou èd li pou Ayiti .

Lajan an plis sa a pral sèvi pou kore plan dijans responsab ayisyen yo mete sou pye pou yo pote èd bay sinistre yo, san bliye moun ki nan zòn ki lwen anpil yo e kote wout ki kraze ou ki pa egziste ditou rann li difisil pou sekouris yo penetre.

Pandan direktris Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal (USAID), Samantha Power, t ap vizite Ayiti semen sa a, li bay yon konferans pou laprès jedi 26 out 2021 an, ansanm avèk Premye Minis Ariel Henry, sou sitiyasyon an ann Ayiti apre tranblemanntè 14 out 2021 pase a.

Madam Power santre atansyon li sou patisipasyon Lèzetazini nan efò pou ede Ayiti pran swen moun ki gen bezwen ijan apre gwo soukous la ki te mezire 7.2 sou echèl Richter la. Li pwofite anonse ke administrasyon Biden-Harris la, pa lentèmedyè USAID, ap ajoute yon sòm 32 milyon dola sou asistans Washington te deja ap bay Ayiti; lajan an plis sa a se pou kore plan dijans responsab ayisyen yo mete sou pye pou yo pote èd bay sinistre yo, san bliye moun ki nan zòn ki lwen anpil yo e kote wout ki kraze ou ki pa egziste ditou rann li difisil pou sekouris yo penetre.

Premye Minis Henry, li menm, remèsye kominote entènasyonal la, sitou peyi vwazen yo tankou Lèzetazini, ki pa pran tan pou yo pote apui yo bay Ayiti nan yon moman peyi sa a te bezwen konkou yo yon fason ijan. Chèf gouvènman ayisyen an rekonèt ke Ayiti gen kèk gwo defi devan li jounen Jodi a; se konsa li lanse apèl bay tout sitwayen yo pou yo patisipe nan kreyasyon inyon ki nesesè pou peyi a leve defi sa yo.

Klike sou lyen ki pi devan yo pou w swiv deklarasyon Direktris Power avèk P. M. Henry.

Samantha Power, administratris USAID, di Washington mete 32 milyon dola sou èd li pou Ayiti.
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:05 0:00
Deklarasyon P. M. Ariel Henry fè nan yon konferans pou laprès li bay ansanm avèk Administratris USAID a, Samantha Power.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:33 0:00

XS
SM
MD
LG