Accessibility links

Breaking News

Pouvwa Palestinyen an Deside Pouse ak Plan Kreyasyon yon Eta Endepandan


Pouvwa Palestinyen an Deside Pouse ak Plan Kreyasyon yon Eta Endepandan
Pouvwa Palestinyen an Deside Pouse ak Plan Kreyasyon yon Eta Endepandan

Otorite palestinyen yo fè konnen yo pral kontinye presyon y ap fè pou yo jwenn yon rekonèsans total Oganizasyon Nasyon Zini pou yon Eta Palestinyen, malgre gen efò diplomatik ki sou pye pou pran tèt yo dekwa pou yo kite plan an tonbe epi aksepte retounen pito bò tab negosyasyon an ak Izrayèl.

Sou dosye sa a vrèman vre, pandan Prezidan ameriken an, Barack Obama, te pran lapawòl mèkredi 21 septanm 2011 la devan Asanble Jeneral l’ONU an k ap fè sesyon anyèl li nan Nouyòk, li di pap genyen pyès chemen dekoupe sou wout lapè a nan Mwayen Oryan an.

Misye Obama deklare : “Lapè pap sòti nan deklarasyon, nan pawòl nan bouch, ni nan rezolisyon Nasyon Zini; men, l ap sòti nan negosyasyon dirèk ant Izrayelyen ak Palestinyen.”

Lidè ameriken an kontinye pou l di:

“ A la fen dè fen, se Izrayelyen ak Palestinyen –e pa nou menm--- ki dwe jwenn akò sou pwoblèm ki divize yo, sou kesyon fwontyè ak sekirite, sou dosye refijye a ak Jerizalèm. Chak pati gen aspirasyon lejitim: se sa ki fè li si difisil pou yo jwenn lapè; e sèl fason pou yo elimine enpas la, se lè chak pati va rive konprann pozisyon lòt la."

Daprè otorite yo nan La Mezon Blanch, byen ta mèkredi Misye Obama te lanse avètisman bay Prezidan Pouwva Palestinyen an, Mahmoud Abbas –ki nan Nouyòk tou-- pou di li Lèzetazini pral poze veto l sou nenpòt ki rezolisyon l’ONU ki ta rekonèt yon Eta Palestinyen.

Anvan sa, nan yon rankont Prezidan ameriken an te fè ak Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, chèf gouvènman Eta Ebre a te fè konpliman pou angajman Washington pran pou l bloke tout desizyon Pouvwa Palestinyen an ta pran pou kont li pou l kreye yon Eta endepandan.

Misye Netanyahu di :

“Mwen panse lè w kanpe fèm sou pozisyon w, lè w pran yon pozisyon ki baze sou prensip -e se pozisyon sa a kap pèmèt ou reyalize lapè- mwen panse se yon badj donè, e mwen vle remesye w deske ou pote badj donè sa a. Se konsa tou mwen vle eksprime espwa ke lòt lidè va swiv egzanp ou a, Misye Prezidan. Alòs, mwen di w mèsi pou sa.”

Otorite wo plase nan Pouvwa Palestinyen an anonse yo pa pral ralanti efò y ap fè pou yo kreye yon Eta tou nèf; e yo rejte davans tout manèv politik kap fèt sou kesyon sa a. Men yo ajoute yap bay Konsèy Sekirite l’ONU an yon ti tan pou l etidye demand yo fè pou òganizasyon mondyal la rekonèt nouvo eta a, anvan yo pote dosye a devan Asanble Jeneral la.

Nabeel Shaath se konseye Prezidan Palestinyen an, Mahmoud Abbas.

“Nap chache apui entènasyonal; e se sa ki mennen nou nan Nasyon Zini. Nou pap chache antre nan mafya ni nan al-Kaida, ni nan yon ONG. N ap chache apui Nasyon Zini, yon Nasyon Zini ki jwenn jodiya gwo konpliman nan men Misye Obama ki byen pale de li, ki pale de li avèk elokans. "

N ap raple ke Lèzetazini pa genyen okenn dwa veto sou yon rezolisyon ki pase nan Asanble Jeneral Nasyon Zini an, kote Palestinyen yo genyen apui yon gwo majorite manm yo.

XS
SM
MD
LG