Accessibility links

Breaking News

Pou Pak, Pap Francois Lanse Apèl pou Lapè nan Ikrèn ak Lot Kote Gen Lagè nan Mond lan


Pap Francois salye fidel yo nan fen lames Dimanch Pak la sou Plas Sen Pye a nan Vatikan an, Dimanch 17 Avril 2022.
Pap Francois salye fidel yo nan fen lames Dimanch Pak la sou Plas Sen Pye a nan Vatikan an, Dimanch 17 Avril 2022.

Pap Francois lanse yon apèl pou lapè a lokazyon Fèt Pak la, kote li mande moun lapriyè pou Ikrèn ak lòt peyi nan mond lan kote gen lagè.

Apre li te selebre mès Dimanch Pak la pou dè dièn milye moun sou Plas Sen Pyè a pou premye fwa depi pandemi a te kòmanse, Fancois te pwononse diskou tradisyonèl jeyopolitik li a kote li souliyen risk ki poze yon lagè ak zam nikleyè.

Souvren pontif la, ki gen yon pwoblèm jenou, te bwate pandan li tap mache pou selebre mès la nan Bazilik Sen Pyè a.

Fèt Pak la se fèt pi jwaye Kretyen toupatou nan mond lan. Sepandan pou pap la, lagè nan Ikrèn peze lou sou kè li.

Nan vil Lond, Achevèk Canterbury a egzòte La Risi pou'l rale kò li soti nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG