Accessibility links

Breaking News

Pou Asiste Festival Essence la Fòk ou Vaksinen Kont COVID-19


Foto Achiv: Nicki Minaj pandan yon pefomans nan seremoni remiz pri MTV Ewopeyen yon nan vil Bilbao ann Espay. Li se youn nan atis ki pral patisipe nan festival Essence la ane sa a.
Foto Achiv: Nicki Minaj pandan yon pefomans nan seremoni remiz pri MTV Ewopeyen yon nan vil Bilbao ann Espay. Li se youn nan atis ki pral patisipe nan festival Essence la ane sa a.

Festival Kilti Essence 2022 a kalifye règ pou moun ki vle vinn asiste evenman an. Yo di mezi sekirite COVID-19 yo toujou rete an plas, apre yon anons ki te pibliye sou rezo sosyal yo ki popilè a mo e ki di si yon moun teste negatif pou COVID lap ase pou antre nan festival la. Essence di mesaj sa a pa korèk.

Politik ki an plas la dapre Essence, se fok ou pwouve ou vaksinen kont COVID-19 pou asiste festival la. Oganizatè yo di pa gen yon reziltè tès negativ pap akseptab pou antre.

Pa gen okenn restriksyon kowonaviris an plas pou kounyea, nan vil Nouvèl Orleyan, kote festival la pral dewoule.

XS
SM
MD
LG