Accessibility links

Breaking News

Posiblite pou Etazini Ogmante Plafon Dèt Nasyonal Li a


Prezidan ameriken an, Barack Obama ,k ap reponn kesyon padan yon konferans pou laprès nan la mezon blanch
Prezidan ameriken an, Barack Obama ,k ap reponn kesyon padan yon konferans pou laprès nan la mezon blanch

Nouvèl yo fè konnen Prezidan Barack Obama ak lidè demokrat nan Kongrè a sanble ap anvizaje posiblite pou Leta federal ameriken ogmante a kou-tèm nivo dèt nasyonal Lèzetazini an yon fason pou anpeche gouvènman an gen reta nan pèman dèt li.

Nan menm kout-kat la, sa t ap pèmèt yo elimine yon enpas ki genyen nan negosyasyon k ap fèt sou dosye a ant Misye Obama ak lidè repibliken nan Kongrè a.

Ajans nouvèl Reuters ekri pou l di antant misye Obama ta jwenn sou kesyon an ak palmantè demokrat yo, t ap konsènen bezwen peyi a genyen pou l prete lajan pandan 7 mwa.

Kongrè a fèt pou l apwouve yon ogmantasyon 14 Milya 300 Milyon dola pou plafon dèt federal la anvan dat 2 out 2011 la.

Daprè sa administrasyon Obama di, 11 out se dat kote gouvènman an pap gen lajan ankò pou l peye lajan li prete.

XS
SM
MD
LG