Accessibility links

Breaking News

Posib Akò Sesel'fe Ant Gouvènman an ak Rebèl K ap Goumen Nan Soudan Sid yo


Manm delegasyon rebèl Soudan Sid yo pandan seremoni negosyasyon ka p dewoule nan kapital etiopyen an, Addis Abeba. 4 janvye pase a
Manm delegasyon rebèl Soudan Sid yo pandan seremoni negosyasyon ka p dewoule nan kapital etiopyen an, Addis Abeba. 4 janvye pase a
Delege gouvènman Soudan Sid la ak reprezantan rebèl kap eseye kapote li sou pouvwa a ap anvizaje yon akò sese’l feu.
Negosyatè Otorite Entègouvenmantal Devlopman-an (IGAD)---yon gwoup rejyonal peyi Afrik De lès yo---te prezante pwopozisyon yo bay responsab gouvènman an nan Djouba, kèlke zè apre yon chita-pale ak fòs rebèl-yo nan Ethiopi.

Misye Nhial Deng di "manda nou se fè tout sa k posib, ann akò ak kominike IGAD ki lanse apèl anfavè yon sesel’fe « la pou la » nan ostilite yo e pou yo tanmen imedyatman negosyasyon yo. Kounye a, sa’k pouse yo vinn isit la se ke ya’p fè fas ak kèk difikilte ak lòt kan an ki sanble ap egzije anvan tout diskisyon serye, pou yo libere prizonye yo.

Rebèl yo ensiste se pou otorite Soudan Sid yo lage 11 prevni gouvènman an fèmen nan prizon. Gouvènman an di li kapab libere yo sèlman apre lajistis finn fè kouss li.

Vyolans nan peyi Soudan Sid pran lavi plis pase yon milye moun e fòse plis pase 200 mil lòt al pran refij lòt kote. Ajans Nasyonzini Pou Refijye a, HCR, di kantite refijye yo ki pa sispann ogmante kreye yon kriz imanitè.
XS
SM
MD
LG