Accessibility links

Breaking News

Popilasyon Mondyal la Rive a 8 Milya Moun


Moun mache nan yon mache nan Mumbai, End, Samdi 12 Nov. 2022.
Moun mache nan yon mache nan Mumbai, End, Samdi 12 Nov. 2022.

Popilasyon mond la, ka rive nan 8 milya moun madi, dapre estimasyon Nasyon Zini, e anpil nan kwasans la soti nan nasyon an devopman yo ann Afrik.

Pami yo Nijerya, kote resous yo deja rive nan limit yo. Plis pase 15 milyon moun nan Lagos ap fè konpetisyon pou tout bagay, pran nan elektrisite pou klere kay yo, rive nan plas abò otobis, anpil fwa yo vwayaje 2 zèd-tan nan gran vil sa a ki chaje ak aktivite. Kèk timoun nan Nijerya pran wout lekòl granm maten a 5 è.

E pandan pwochen dizèn lane yo, popilasyon nan nasyon sa a nan wès Afrik la, ka moute soti nan 216 milyon ane sa a pou rive nan 375 milyon, dapre l-ONU. Sa pwal fè Nijerya tounen 4èm peyi ki pi peple nan mond la apre End, LaChin ak Etazini.

XS
SM
MD
LG