-
Misye Pompeo se pi gwo otorite pami ofisy èl yo nan administrasyon Trump la ki leve lavwa pou defann USAGM aprè palmantè repibliken ak demokrat nan Kongrè a, analis medya ak jounalis endepandan te kritike aksyon Misye Park ke prezidan Trump te chwazi pou dirije ajans la. Sekretè Deta a repete deklarasyon PDG a te fè pou l di VOA pa t rive byen poze pwoblèm sekirite k ap bay kèsote yo epi li te devye de misyon li.
-
Misye Pompeo di piblik la li nesesè pou yon moun rekonèt fot li; sepandan “nou pa gen yon Lavwadlamerik ki santre atansyon li sou tout sa k pa p mache nan gran peyi nou an. San di pètèt, VOA se pa yon kote pou moun ofri yon platfòm bay rejim diktatoryal ki nan Peken ak Teyeran.”
Pou Sekretè Deta a pote apui li bay Misye Park – yon ansyen pwodiktè film konsèvatè- li di piblik la ak tout moun ki t ap tande nan kad yon retransmisyon an dirèk sou ent ènèt la, “Genyen yon nouvo solèy k ap leve isit la nan Lavwadlamerik.”
Diskou Sekretè Deta Mike Pompeo Pandan Yon Vizit nan Lavwadlamerik
- Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Chèf diplomasi amerikèn nan defann aksyon Michael Park, nouvo direktè jeneral USAGM, ki sou tèt VOA, lè li di: "Yon nouvo solèy ap leve nan Lavwadlamerik."
WASHINGTON, D.C. —