Accessibility links

Breaking News

Prezidan Moise Mande Solidarite Tout Sektè ak PNH pou Lapolis Ka Konbat Ensekirite a ak Efikasite


Jovenel Moise, Prezidan Repiblik d Ayiti.
Jovenel Moise, Prezidan Repiblik d Ayiti.

Prezidan Jovenel Moise, ki t ap bay yon konferans pou laprès aprè yon vizit nan peyi Tiki dimanch 20 jen 2021 an, lanse apèl ba divès sektè pou l mande yo apiye Polis Nasyonal la pou l kapab ranpli misyon li kom yon enstitisyon ki la pou pwoteje e sèvi pèp la.

Prezidan Jovenel Moise, ki t ap bay yon konferans pou laprès aprè yon vizit nan peyi Tiki dimanch 20 jen 2021 an, lanse apèl bay divès sektè pou l mande yo apiye Polis Nasyonal la pou l kapab ranpli misyon li kòm yon enstitisyon ki la pou pwoteje e sèvi pèp la. Lidè ayisyen an, ki fè konnen apèl sa a al jwenn kominote entènasyonal la tou, ensiste sou le fèt ke sa pa vle di li mande pou MINUSTAH retounen nan peyi a.

Yon lot kote, Prezidan Moise mande otorite konsène yo (minis sante piblik, travay, elatriye) mete yo nan travay san pèdi tan pou yo pèmèt plizyè milye moun ki te oblije al viv lwen kay yo akoz ensekirite, retounen nan fwaye yo. Vrèmanvre, nan semèn ki pase yo, vyolans ki asosye avèk konfwontasyon ant gang rival fose anpil moun nan Matisan ak lot katye popilè kouri al viv nan lòt zon pwovizwaman paske sekirite yo te menase.

Nou pwopoze w gade video sa yo pou w swiv deklarasyon Prezidan Jovenel Moise.

Prezidan Jovenel Moise lanse apel pou l mande solidarite kont ensekirie a
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:07 0:00
Apèl Prezidan Jovenel an favè moun deplase yo.
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:48 0:00


1.- Prezidan Moise mande solidarite avèk Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pou l ka travay avèk plis efikasite.

2.- Apèl Prezidan Moise an favè moun deplase yo.

XS
SM
MD
LG