Accessibility links

Breaking News

PNH Konfime John Joel Joseph, yon Lòt Sispek nan Asasina Prezidan Moise la Anba Kòd nan la Jamayik


ansyen senate Ayisyen John Joel Joseph anba kod nan la Jamayik
ansyen senate Ayisyen John Joel Joseph anba kod nan la Jamayik

PNH Konfime John Joel Joseph, yon Lòt Sispek nan Asasina Prezidan Moise la Anba Kòd nan la Jamayik

Lapolis nan La Jamayik arete yon lot sispek an koneksyon ak asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise Vandredi. Pòtpawòl Polis Naysonal Ayisyen an, Garry Desrosiers konfime nouvel la pou VOA Kreyol. Se dezyem sispek Jamayik arete.

Lapolis Nasyonal Ayisyen, PNH gen yon avi rechech pou ex-senate repiblik la.

Responsab lapolis Jamayik Stephanie Lindsay di Associated Press gen lot moun yo arete ansanm ak Joseph e ke yap eseye determine si moun sa yo se manm fanmi ni. Madan Lindsay di yo arete yo anvan solèyleve Samdi, men li pat vle bay okenn lot detay.

"Pou plizyé rezon, nou pa vle pataje okenn lòt enfomasyon," li di AP.

Ansyen Minis Afè Etranje Ayisyen Claude Joseph te reyaji sou kont ofisyel Twitter li a.

"Mwen kontan efò entenasyonal mwen te lanse lè mwen te chanselye ak PM kontinye ap pote fwi," Joseph deklare nan yon tweet an Franse.

Ansyen Premye Dam Martine Moise reyaji a nouvel la tou.

" Yon lòt sispèk anba kòd. Se yon opòtinite pou limyè blayi sou asasina mari m. An Ayiti tankou nan tout lòt peyi, pouswit yo dwe kontinye pou tout komanditè ak otè krim malveyan sila a, jwenn sanksyon yo merite," Madan Moise deklare.

AP fè konnen yon rapò lapolis li wè endike Joseph te konekte divès fason ak asasina a, e gen omwens yon sispèk ki idantifye'l pami lidè yo.

Rapò a di, dapre AP, ke ansyen Senatè a te prezante lot sispèk yo bay Joseph Badio, youn pami prezime lidè konplo a ki te travay pou Ministè Jistis la ak inite anti-kowipsyon gouvènman an anvan yo te revoke'l.

Rapò a di gen dosye ki montre konvèsasyon sou WhatsApp ant James Solages, yon Ayisyen Ameriken ki deja anba kòd, kote yo tap diskite sou preparasyon pou misyon an. Li di Solages te di otorite yo ke Joseph, Badio ak Rodolphe Jaar, ke Repiblik Dominikèn arete 7 Janvye, te pami lidè operasyon an.

Badio nan mawon, tandiske otorite Dominiken yo di se otorite Ameriken yo ki mande yo arete Jaar apre li te travèse frontyè a.

FBI pat vle konfime nouvèl sa a nan yon konvèsasyon ak VOA Kreyol. Yon responsab di nou li paka fè komantè sou yon envestigasyon aktif.

Li poko klè kisa Jamayik pral fè ak Joseph. VOA Kreyol mande PNH si yo pral mande Jamayik transfere'l Ayiti, li pat fè komantè.

Sepandan, tantative pou transfere ann Ayiti Mario Antonio Palacios Palacios, yon ex militè Kolonbyen la jistis Ayisyen tap chache an koneksyon ak asasina Prezidan Moise la te echwe. La Jistis Jamayiken te deside dokiman Ayiti te voye ba yo pou mande yo transfere misye pat sifizan e yo te deside voye'l pito tounen nan peyi li, Kolonbi. Pandan yon eskal avyon li te fè Panama, otorite yo te arete'l depi voye'l Ozetazuni kote li femen nan prizon.

La jistis Etazini akize Palacios deske li te patisipe nan yon konplo pou touye yon lidè entenasyonal epi ke li te founi materyo pou komet zak sa a. Li taka kondane pou'l pase rès vi li nan prizon si yon tribinal Ameriken jwenn ni koupab. Li va gen pou'l konparet devan yon tribinal federal nan Miami 31 Janvye kap vini an.

Pandansetan, sispèk Rodolphe Jaar nan yon entèvyou ak New York Times bay plizyè detay sou konplo pou asasinen Prezidan Moise la. Pami detay yo, li bay nouvo prèv ki konekte Badio ak Premye Minis Ariel Henry. Jaar di New York Times Badio te vizite rezidans ofisyel Henry a 2 fwa apre asasina a. Premye Minis la demanti li gen okenn koneksyon ak Badio.

Semèn sa a, Sena Ameriken an mande Depatman d'Eta voye ba li yon rapò sou lanmò Prezidan Moise la ak Masak La Saline nan. Ex-Chanselye Claude Joseph ak Martine Moise fè komantè sou sa sou kont Twitter yo.



Yon pati nan enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG