Accessibility links

Breaking News

Rodolphe Jaar, Yon Lòt Sispèk nan Asasina Jovenel Moise la Anba Kòd


Yon foto lapolis pran pou Rodolphe Jaar ke la jistis ap chache an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise.
Yon foto lapolis pran pou Rodolphe Jaar ke la jistis ap chache an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise.

Ansyen minis afè etranjè Ayisyen Claude Joseph anonse arestasyon Rodolphe Jaar, yon sispèk nan asasina Prezidan Jovenel Moise, sou kont ofisyèl Twitter li a.

"Rodolphe Jaar se yon lòt ankò yo fè k arete, pral gen plizyè lòt ankò," Joseph deklare nan yon tweet. "Pandan nan peyi Ayiti ankèt la ap make pa sou plas paske gwo nèg isit vle mete baboukèt nan bouch jistis la, koperasyon entènasyonal nou te toujou ap mande a ap vini plis aktif chak jou. Kwazad la pap kanpe," li ajoute.


Jaar se yon biznisman Ayisyen ki, dapre kek rapò te travay kòm enfoman pou Ajans Anti-Dwòg Etazini an, DEA. Ajan La Dwann Etazini te arete'l nan mwa Me ane 2000 nan sid eta Florid men yo pat janm akize'l ofisyèlman.

Fanmi Jaar la pa telman byen siyen ak Rodolphe. Yo se Palestinyen ki emigre Ayiti depi Bethlehem e yo se pwopriyete konpayi Coca-Cola ann Ayiti, yon faktori ki fe byè o Canada epi yo gen aksyon nan konpayi elektrisite.

Arestasyon Jaar vini menm semèn avek arestasyon sispèk Kolonbyen Mario Palacios Palacios o Panama epi yo te depòte li Ozetazini kote lajistis Ameriken te akize'l ofisyèlman an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise la. Palacios te konparèt devan yon tribinal federal nan Miami 4 Janvye. Gen pou'l retounen nan tribinal la 31 Janvye.

Ayiti deja arete 44 sispek an koneksyon ak asasina a. Gen youn ki mouri ak COVID-19 pandan li te nan prizon e gen 4 lot jij te lage. Poko gen okenn akizasyon ofisyel ki lanse kont moun sa yo.

XS
SM
MD
LG