Accessibility links

Breaking News

Otorite Jamayiken ap Depòte Palacios nan Peyi Kolonbi


Palacios Palacios
Palacios Palacios

Otorite Jamayiken yo pran desizyon sou dosye prezime asasen Jovenel Moïse Antonio Palacios Palacios yo te arete sou teritwa yo. Finalman, Palacios tounen nan peyi li: Kolonbi, li pap remèt misye bay lajistis ayisyen an.

Otorite nan peyi Jamayik fè konnen ke otorite ayisyen yo pa t kapab soumèt prèv konvenkan ki montre ke Kolonbyen an Palacios te patisipe nan zak asasinay Prezidan Jovenel Moïse, se rezon sa otorite Jamayik yo bay ki fè ekstradisyon Palacios pa posib an Ayiti.

Ansyen minis afè etranjè Claude Joseph te eksprime mekontantman li ak gouvènman aktyèl la, sou kont twitter kote li pibliye mesaj sila: " Yo pap transfere Mario Antonio Palacios nan Pòtoprens e yo pral depòte l nan Kolonbi 3 janvye. Gouvènman ayisyen an pa bay ase prèv pou te prouve patisipasyon mèsenè a nan asasina Prezidan Jovenel Moïse".

XS
SM
MD
LG