Accessibility links

Breaking News

New York Times: Badio Vizite Rezidans Ofisyèl PM Ariel Henry 2 Fwa


Foto Achiv: Otorite Ayisyen poze pou yon foto devan potre defen Prezidan Jovnel Moise nan Potoprens.
Foto Achiv: Otorite Ayisyen poze pou yon foto devan potre defen Prezidan Jovnel Moise nan Potoprens.

Dapre yon atik New York Times pibliye apremidi a, gen nouvo prèv ki sigjere Premye Minis Ariel Henry te gen relasyon sere ak youn nan sispèk nan asasina Prezidan Jovenel Moise yo - an palan de Joseph Felix Badio.

NYT site yon dokiman ki gen tout apèl ki te fèt ant 2 moun sa yo, entèvyou ak responsab Ayisyen epi yon lot sispèk an koneksyon ak asasina a, an palan de Rodolphe Jaar.

Jounal la di li te entèvyouwe Jaar anvan arestasyon li nan Repiblik Dominikèn pandan wikenn nan sou yon teren konstriksyon abandone.


Kontak ant Henry ak Badio

New York Times di lè lapolis tap pousuiv Badio - li te vizite PM Henry 2 fwa nan rezidans prive li, 4 mwa apre asasina a. Sa se dapre 2 responsab Ayisyen ki ranseye sou ankèt la.

Rankont sa yo te fèt lannwit, e pèsonn pat eseye arete Badio malgre te gen gad sekirite ak lòt responsab polis sou plas.

Dapre New York Times li pa kle si Ariel Henry te pran mezi pou ede sispèk yo. Yon pot pawol premye minis la di NYT malgre sa dokiman an montre sou apèl yo, PM nan pat pale ak Badio apre asasina a e li pa gen okenn relasyon ak sispèk la. Jounal la di li patka jwenn Badio limenm pou fe komantè sou sa.

New York Times di pandan entèvyou a Jaar admèt ke li te ede finanse epi planifye konplo kont Prezidan Moise la.

Li di yon ti tan anvan asasina a, Badio te di'l Henry tap itil kom alye si yo te resi ranvèse prezidan an. Dapre sa Jaar di, Badio di'l Henry se bon zanmi'l e ke li gen kontwol konplè de misye.

Jaar di limenm ak Badio te kenbe kontak apre asasina a e yo te menm domi nan menm kay kèk jou apre asasina a.

Kek èdtan apre asasina a lè lapolis te mete anba kod mèsenè kolonbyen yo, Jarr di NYT ke Badio te mande Henry ede'l sove. Li di Henry reponn li, li pral fè kèk apèl, men jounal la pat rive konfime deklarasyon sa yo.

Responsab Ayisyen ki patisipe nan ankèt la konfime ke Henry te an kontak ak Badio a plizyè repriz. Yo di Premye Minis Henry tap yon sispèk nan ankèt la si li patap dirije gouvènman an.

VOA Kreyol rele Minis Jistis Ayisyen an, Berto Dorce pou mande'l fè komantè sou atik sa a. Nou poko jwenn repons.

VOA Kreyol mande FBI (Biwo Federal Envestigasyon Etazini) konfime arestasyon Rodolphe Jaar nan Repiblik Dominikèn. Yon pot pawol pat vle fè komantè e li refere nou a lajistis Dominikèn.

XS
SM
MD
LG