Accessibility links

Breaking News

Plis Pwotestasyon nan Peyi Bahreïn


Plis Pwotestasyon nan Peyi Bahreïn
Plis Pwotestasyon nan Peyi Bahreïn

Nan peyi Bahreïn, plizyè milye moun òganize yon 3èm jounen manifestasyon youn apre lòt nan kapital la, Manama, kote anpil nan yo patisipe nan antèman yon manifestan ki te tonbe anba bal lapolis madi 15 fevriye 2011 la.

2 mil moun pou pi pit (majorite nan yo se mizilman chiyit) pran pozisyon nan prensipal plas piblik Manama a, ki nan sant vil la, aprè yo te enstale, madi 15 fevriye 2011 la, yon kan ak plizyè tant ladan n pou yo te pase yon premye nuit an plen èr.

Manifestasyon sa a se yon repetisyon mouvman leve-kanpe ki te dewoule nan peyi Lejipt, pi presizeman sou Plas Liberasyon ki nan kapital peyi sa a, Lekèr kote manifestan ejipsyen yo rive dechouke Prezidan Hosni Mubarak aprè pwotestasyon ki te dire 18 jou.

XS
SM
MD
LG