Accessibility links

Breaking News

Pitit Gason Gadhafi Anonse Kandidati li Pou Prezidans Libi


Seif al-Islam, a goch, pitit gason defen diktate Libyen Moammar Gadhafi enskri kom kandida pou eleksyon prezidansyel yo, 14 Nov. 2021.
Seif al-Islam, a goch, pitit gason defen diktate Libyen Moammar Gadhafi enskri kom kandida pou eleksyon prezidansyel yo, 14 Nov. 2021.

Ajans elektoral peyi Libi anonse pitit gason ak eritye defen diktatè Moammar Gadhafi a anonse kandidati li pou prezidans peyi a. Eleksyon an gen pou dewoule mwa pwochen.

Ajans elektoral la fè konnen nan yon deklarasyon li pibliye Dimanch, ke Seif al-Islam remèt papye kandidati li yo nan vil Sabha nan sid peyi a.

Yo te mete pitit gason Gadhafi a anba kòd nan fen ane 2011 pandan yon revòlt popilè ki te ranvèse Gadhafi sou pouvwa a apre 40 an. Moammar Gadhafi limenm te mouri apre sa pandan batay ki te pete ki te vinn tounen yon gè sivil.

XS
SM
MD
LG