Vedèt Hip Hop ak R&B yo te rasanble nan katye istorik Harlem nan nan Nouyok Samdi swa (21 Nov.) pou selebre meyè atis ak mizik yo a l'okazyon seremoni remiz pri Soul Train 2021 an.
Lè yo te rive nan teyat la, anpil nan vedèt yo te pale sou kestyon sekirite pandan konsè yo -- apre trajedi ki te rive nan festival mizik Astroworld la pandan rapè Travis Scott tap chante.
Rapè Ja Rule di li yo ta dwe egzaminen koze sa a de pre.
" Mwen kwè se yon bagay nou dwe egzamine. Ou konnen lè'm te reflechi sou trajedi sa a ak sak te rive a - premye bagay ki pase nan tèt mwen se ke pa janm gen ase mezi sekirite nan okenn kote nap prezante spektak yo pou anpeche kalite trajedi sa a rive. Se yon sityasyon ki pa nomal. Donk nan lavni map enterese konnen kijan lapolis pral jere kalite fesitval sa yo," Ja Rule deklare.
Rapè Fat Joe limenm di li pa kwè Travis Scott te o kouran sak tap pase nan mitan foul spektatè Houston yo.
" Mwen prèske sèten li pat o kouran sak tap pase. Jèn jan yo tap sote-ponpe. Ou paka wè tout bagay lè ou sou sèn nan. Ke Bondye beni tout moun sa yo," Fat Joe deklare.
Seremoni reiz pri Soul Train yo, ki anrejistre alavans te selebre 50em anivèsè li ane sa a. Se Don Cornelius ki te vini ak lide pou spektak sa a. Pami atis ki te pèfome yo te gen Bruno Mars, Ari Lennox, Leon Bridges, Maxwell (ki se yon Ayisyen Ameriken) - misye resevwa pri Lejann nan. Epi te gen Ashanti, ki ranpote pri Dam Soul la.
"Se yon bel bagay. Mwen santi'm tankou medam yo gen pouvwa kounyea. Mwen ka we konbyen atis parey mwen yo renmen'm. Se yon bel moman kiltirel pou'm asiste seremoni remis pri Soul Train BET la. Mwen kontan!" Ashanti deklare.
Se H.E.R. ki te resevwa plis nominasyon pou pri ane sa a - swa 8. Chris Brown resevwa 6 nominasyon. Silk Sonic, Doja Cat ak Yung Bleu resevwa 3 nominasyon yo chak.
Ou ka we seremoni remiz pri Soul Train nan sou chèn televizyon BET Dimanch 28 Novanm a 8 hè di swa, le Washington ak Potoprens.
Facebook Forum