Accessibility links

Breaking News

Ansyen Premye Minis ak Prezidan Peyi Izrayèl, Shimon Peres, Mouri. Li te Gen 93 Zan.


Shimon Peres, ansyen Premye Minis e Prezidan peyi Izrayèl
Shimon Peres, ansyen Premye Minis e Prezidan peyi Izrayèl

Lidè toupatou nan lemond ap rann omaj pou ansyen Prezidan e Premye Minis izrayelyen, Shimon Peres, ki mouri mèkredi 28 septanm 2016 la; li te gen 93 zan.

Shimon Peres avèk ansyen Prezidan Lèzetazini, Bill Clinton.
Shimon Peres avèk ansyen Prezidan Lèzetazini, Bill Clinton.

Misye Peres, ki pase lontan ap travay kòm wo-fonksyonè piblik ann Izrayèl, te sibi yon konjesyon serebral sa gen 2 semèn. Li te pase nan preske tout pòs politik enpòtan yo pandan yon karyè long kote li te Premye Minis 2 fwa, li te Prezidan, Minis Defans ak Minis Afè Etranjè. Shimon Peres se moun ki pase plis tan kòm manm palman izrayelyen an, Knesset la, kote li pase 48 lane.

Premye Minis Benjamin Netanyahu fè konnen Shimon Peres te devwe tout vi li pou l defann souverènte pèp izrayelyen an. Misye Natanyehu ajoute:

"Kòm yon nonm ki te gen vizyon, je l te toujou fikse sou lavni. Kòm yon nonm ki te priyorize sekirite peyi li, ki te kore fòs Izrayèl plizyè fason - e gen kèk nan fason sa yo pèsonn pa konnen jouk jounen jodi; e kòm yon nonm ki te renmen lapè, li te travay jous nan dènye jou li pou rekonsilyasyon ak vwazen nou yo pou yon demen miyò pou timoun nou yo."

Prezidan Barack Obama deklare :

"Pa gen pòsonn ki te travay plis pase Shimon Peres pou bati yon alyans ant Lèzetazini ak Izrayèl; mwen konsidere li kòm yon moun ki te fòse kretyen-vivan parèy li pou yo espere plis nan sa yo ka fè pou tèt yo e pou lèzòt."

Prezidan Palestinyen an, Mahmoud Habbas, eksprime tristès li nan okazyon lanmò Shimon Peres nan yon deklarasyon ki parèt nan jounen mèkredi a, kote li di:

"Shimon Peres te pèsiste nan efò pou l jwenn yon lapè nan kad aplikasyon Akò Oslo a; efò li te kontinye fè jous nan dènye moman lavi li."

Sepandan gwoup militan Palestinyen HAMAS fè konnen li kontan anpil pran nouvèl lanmò Shimon Peres.

Ansyen Presidan Lèzetazini, Bill Clinton, Prezidan Konsèy Ewopeyen an, Donald Tusk, ak Prezidan fransè a, François Hollande, se 3 pami diyitè etranje ki pral asiste seremoni antèman Misye Peres vandredi 30 septanm 2016 la. Chèf diplomasi amerikèn nan, John Kerry, fè konnen li espere reponn prezan tou nan seremoni an.

XS
SM
MD
LG