Accessibility links

Breaking News

Etazini Sispèk Lasiri Ap Menen yon Aktivite pou Izaj Zam Chimik

Imaj sou satelit Depatman Defans Ameriken pibliye e ki montre domaj nan baz aeryen Shayrat an nan peyi Siri, apre Etazini te fin lanse kèk misil Tomahawk sou li akoz atak ak zam chimik Lasiri te fè sou popilasyon sivil siryen an nan youn nan katye rebèl yo. 7 avril 2017.

Etazini detekte sa ki ta sanble preparasyon pou yon atak chimik nan chan davyasyon siryen Shayrat, ki te sèvi nan mwa avril pase a pou lanse yon atak chimik ki te touye plis pase 80 moun nan Khan Sheikhoun.

Pòtpawòl Pentagòn nan, Kapitèn Jeff Davis, fè konnen, nan dat madi 27 jen 2017 la, ke nan aktivite a gen avyon espesyal nan yon hangar ke moun konnen kòmkwa li konn asosye ak izaj zam chimik.

Pòtpawòl Mezon Blanch la, Sean Spicer, deklare si fòs Siri yo lanse yon lòt atak chimik, y ap peye sa chè. Otorite siryen yo rejte akizasyon an.

XS
SM
MD
LG