Chèf Nasyon Zini pou dwa moun kritike dezakò ki genyen nan Konsèy Sekirite L'ONU an sou kesyon pou ankouraje Lasiri kanpe sou atak kont bastion opozisyon an nan moman fòs Pwo-gouvènmantal yo rekòmanse operasyon sere-boulon kont moun k ap pwoteste nan vil Homs ak nan kèk lòt vil akò.
Wo komisè Dwa Zimen nan Nasyon Zini, Navi Pillay, deklare devan Asanble Jeneral la , eskalad abi Damas ap komèt yo montre krim kont limanite k ap dewoule nan Lasiri depi mwa mas la ap kontinye. Madam Pillay kontinye pou l di: "lame siryèn nan sanble tire sou sivil nan vil Homs san gade dèyè."
Militan dwa moun yo bò kote pa yo konfime twoup gouvènmantal yo rekòmanse seri atak y ap lanse sou vil Homs ak lòt vil, yon jou aprè gouvènman Damas la rejte plan Lig Arab la pou l mande l’ONU voye yon fòs mentyen lapè nan peyi a.
Daprè militan yo toujou, fòs sekirite yo bonbade 2 katye Sunit Muzulman nan vil Homs, kote plizyè santèn moun mouri depi gouvènman an te kòmanse bonbade rejyon an.
Majorite moun kap viv nan vil Homs apiye opozisyon an.