Accessibility links

Breaking News

2 Sòlda Ameriken Pèdi Lavi yo nan yon Batay ann Afganistan Dapre Pentagòn

Foto sa a ki date, 3 desanm 2016, montre fòs sekirite Afgan yo pandan yon operasyon yo tap mennen kont militan gwoup teworis Eta Islamik la (IS) nan Pachir Wa Agam ki nan pwovens Nangarhar, Afganistan.

Enfòmasyon ki soti nan Pentagòn, katye jeneral Lame Etazini an nan Washington, fè konnen 2 sòlda ameriken pèdi lavi yo e yon 3èm blese nan yon desant dè lye kont militan Eta Islamik la nan teritwa gwoup teworis la okipe nan lès peyi Afganistan.

Otorite Lame Amerikèn yo fè konnen twoup militè li yo tap mennen yon operasyon ansanm ak fòs sekirite Afgan yo lè yo te vin tonbe anba atak sanzatan gwoup teworis la.

Gouvènè eta Nangarhar, Gulab Mangal, di operasyon an, nan zòn Pekhay nan distri Achin, fè anpil viktim nan kan militan Eta Islamik yo. Li di "Anviwon 40 nan teworis yo pèdi lavi yo e 7 lòt jwenn arestasyon yo."

XS
SM
MD
LG