Accessibility links

Breaking News

An Frans, Antèman Nasyonal pou Polisye Arnaud Beltrame - Li Resevwa "La Légion d'Honneur"

Prezidan fransè a, Emmanuel Macron (agoch) kanpe bò kote sèkèy Lyetnan-Kolonèl Arnaud Beltrame, aprè li te onore ofisye a, yon fason postim, avèk Meday Komandè "La Legion d'Honneur" nan yon antèman nasyonal ki dewoule nan kapital la, Pari, mèkredi 28 mas 2018 la nan lokal Hotel des Invalides. (Foto: AFP / Ludovic MARIN, 28 mas 2018).

An Frans, lyetnan-kolonèl Arnaud Beltrame resevwa, nan jounen mèkredi 28 mas 2018 la, yon omaj pandan tout jounen an kòm yon polisye ki te aji an ewo nan vil Trebes kote yon militan ekstremis te lanse yon atak ki te debouche sou yon priz dotaj. Lap resevwa yon omaj nasyonal ki kòmanse avèk yon pwosesyon ki sòti nan Pantheon an, nan kapital la Paris, pou l al bout nan Hotel des Invalides.

Nan kòmansman jounen an, nan biwo-polis toupatou sou tèritwa fransè a, manm pèsonèl la te sispann tout aktivite pou yo obsève yon minit rekèyman apre palmantè yo te fè menm bagay la, nan jounen madi 27 la, nan lokal Asanble Nasyonal la.

Lyetnan-Kolonèl Arnaud Beltrame ki te mouri aprè li te ofri tèt li nan plas yon otaj nan vil Trebes, pati lwès Lafrans (Foto: Mas 2013).
Lyetnan-Kolonèl Arnaud Beltrame ki te mouri aprè li te ofri tèt li nan plas yon otaj nan vil Trebes, pati lwès Lafrans (Foto: Mas 2013).

Nan youn nan seremoni ki dewoule nan okazyon an, Prezidan Emmanuel Macron rann lyetnan-kolonèl Beltrame yon distenksyon postim --sètadi aprè lanmò li- lè li ba li La Légion d’Honneur, pi gwo distenksyon Lafrans kapab bay yon moun. Nan diskou Prezidan Macron pwononse nan sikonstans la, li di ofisye Beltame reprezante "tout sa yon moun ka fè pou yo konsidere li kòm yon ewo."

Lyetnan-kolonèl Arnaud Beltrame te youn nan premye polisye ki te reponn prezan sou plas pou l fè fas ak priz-dotaj yon militan ekstemis te fè, vandred 23 mas pase a, nan yon sipeè-mache nan vil Trebes, nan pati lwès Lafrans. Li te ofri tèt li bay atakan an pou misye te fè l prizonye nan plas youn nan otaj yo, epi pandan tout tan li te vivan toujou, li te kite pòtab li ouvè dekwa pou kòlèg li yo te kapab tande tout sa ki tap pase.

Atakan an te touye 3 moun –youn nan yo sete egzatteman lyetnan-kolonèl Arnaud Beltrame. Gwoup Eta Islamik la reklame reponsablite pou atak la.

XS
SM
MD
LG