Pap Francois prezide yon seremoni solenèl nan Bazilik Sen Pyè la, kote li agrandi gwoup kadinal ki elijib kounyea pou vote pou siksesè li sizoka li ta mouri oubyen bay demisyonn.
Pami 20 nouvo kadinal yo Samdi, gen 16 ki gen mwenske 80 zan e ki elijib pou patisipe nan yon konklav.
Nap raple konklav la se asanble kote kadinal yo vote dèyè pòt fèmen pou chwazi yon pontif.
Nouvo gwoup kadinal la gen yon evèk ki sòti Etazini, yon misyonè ki reprezante yon ti gwoup tou pitit fidèl Katolik nan Mongoli, epi yon achevèk ki soti nan rejyon Amazòn nan ki vilnerab anpil o pwen'd vi anvironman an. Se yon rejyon ki bay pap la gwo kè sote.
Robert Walter McElroy, moun San Diego, Kalifoni ki se youn nan nouvo kadinal yo di pap la gen pwoblèm pou'l mache men "sa pa afekte lespri li."