Accessibility links

Breaking News

Panama Papers: Prezidan Juan Carlos Varela pwomèt Kreyasyon yon Komisyon d Ankèt Fiskal.

Avèk yon "bust" ewo endepandans Amerik Latin nan, Simon Bolivar, an twal de fon, Prezidan Panama a, Juan Carlos Varela, mete yon mesaj televize devan nasyon an nan vil Panama, kapital la, nan dat 6 avril 2016 la, pou l anonse fòmasyon komisyon d ankèt la.

Prezidan peyi Panam a, Juan Carlos Varela, deklare gouvènman l nan pral fòme yon komisyon endepandan pou pase an revi pratik finansye peyi a apre sa li rele “eskandal Jounal Panama yo pete a.”

Obsèvatè yo fè konnen sektè ekonomik panameyen an tolere yon kilti kote tranzaksyon yo fèt an sekrè, sa ki fè Panama tounen youn nan dènye peyi kote kliyan yo kapab kache lajan yo pou otorite legal yo pa konnen ki kote yo sere kòb yo.

Prezidan Varela pale de yon pwopozisyon pou gouvènman an kreye yon komisyon kap gen ladan n espesyalis ki pral bay otorite yo konsèy sou kesyon an. Lidè panameyen an fè anons la nan yon mesaj ki pase sou televizyon nan sware jounen mèkredi 6 avril 2016 la.

XS
SM
MD
LG