Accessibility links

Breaking News

Panama-Jistis : Operasyon Lapolis nan Kabinè Avoka Mossack Fonseca


Yon polisye panameyen tap fè pòs devan lokal kabinè avoka Mossack Fonseca nan vil Panama, kapital Panama, madi 12 avril 2016 la.
Yon polisye panameyen tap fè pòs devan lokal kabinè avoka Mossack Fonseca nan vil Panama, kapital Panama, madi 12 avril 2016 la.

O Panama, ajan polis nasyonal la fè yon desant-delye nan biwo kabinè avoka Mossack Fonseca a ki te pibliye kont-an-bank yon seri lidè mondyal ouvè a letranje, sa ki pèmèt yo pa peye taks sou yo.

Ministè jistis Panama a pibliye yon deklarasyon kote li di otorite lajistis ak lapolis tap chache jwenn nenpòt prèv ki ta montre posiblite kòmkwa kabinè sa a ta mele nan aktivite ilegal.

Kabinè Mossack Fonseca a tonbe anba akizasyon deske li ta ede moun ki te vle komèt evazyon fiskal ak fwòd. Fondatè kabinè a, Ramon Fonseca, reponn pou l di kabinè a pa vyole okenn lwa e li pa detwi okenn dokiman non plis.

XS
SM
MD
LG