Accessibility links

Breaking News

Yon Mezantant sou Fwontyè Pakistan ak Afganistan Lakoz 13 Moun pou Pipiti Pèdi Lavi yo


Fòs Zame Pakistan and Afganistan twoke kòn sou fwontyè Chaman an ki separe 2 peyi yo. 5 me 2017. Foto: REUTERS//Saeed Ali Achakzai.
Fòs Zame Pakistan and Afganistan twoke kòn sou fwontyè Chaman an ki separe 2 peyi yo. 5 me 2017. Foto: REUTERS//Saeed Ali Achakzai.

Lese-frape sou fwontyè ant Pakistan ak Afganistan pran lavi 13 moun pou pi piti e blese plis pase 80 lòt vandredi 5 me 2017 la nan yon zòn ki an diskisyon, dapre otorite yo.

Yon pòtpawòl lame Pakistan an fè konnen batay la te pete apre fòs Afganistan yo te tire sou yon ekip gouvènman an k ap fè resansman toupre bouk Chaman ki nan sidwès Pakistan sou fwontyè ak Afganistan.

Lame Pakistan an konfime tou ke 2 kan yo dakò pou yo antre nan yon sese-l-fe, e yon rankont ant responsab fwontyè nan tou le 2 bò yo gen pou l fèt anvan lontan.

XS
SM
MD
LG