Nan Pakistan , otorite yo fè konnen chèf lame peyi a rejte kritik kòmkwa yo pa fè ase nan lit kont teworism .
Responsab militè pale konsa nan yon rankont ki dewoule mèkredi 20 avril 2011 la avèk prensipal responsab militè ameriken an.
Nan yon deklarasyon ki parèt jedi 21 avril 2011 la, lame pakistanèz di Jeneral Ashfaq Kayani rejte pwopagann negatif kont Pakistan nan zafèt lit kont mouvman teworis la .
Deklarasyon an presize, mesye Kayani di Jeneral Mike Mullen, kòmandan wo eta majò fòs zame Etazini an genyen efò militè ki sou pye pou pwouve ke Pakistan vle rezoud pwoblèm nasyonal sa a e kanpe mouvman teworis la lakay li.
Mesye Mullen deklare pandan vwayaj 2 jou sa a nan Islamabad, kèk manm ajans ransèyman pakistanè a genyen yon relasyon ki la lontan ak militant rezo Haqqani ki t ap goumen nan Afganistan , yon koze Pakistan rejte .