Accessibility links

Breaking News

Pakistan Avèti Etazini li Riske Pèdi yon Alye


Pakistan Avèti Etazini li Riske Pèdi yon Alye
Pakistan Avèti Etazini li Riske Pèdi yon Alye

Pakistan avèti Etazini li riske pèdi yon alye si Washington kontinye ap akize ajans ransèyman pakistanè a kòmkwa li ta sipòte atak ekstremis kont twoup militè ameriken yo nan Afganistan.

Minis afè etranjè Hina Rabbani Khar te reponn kòmantè Chèf Deta Majò Etazini an, Amiral Mike Mullen, ki deklare, jedi, ajans espyonaj militè pakistanè a, ISI, gen rapò sere ak rezo Haqqani an.

Amiral Mullen te deklare nan yon seyans depozisyon devan Sena Etazini an, jedi, rezo Haqqani an ki konekte ak al-Qaida, kap aji ak sipò ajans espyonaj pakistanè a, te planifye e reyalize aso semèn pase a sou anbasad amerikèn nan Kaboul.

Li fè konnen ISI te sipòte tou atak ak kamyon pyeje ke rebèl Haqqani yo te lanse sou yon baz LOTAN nan pwovens Wardak, 10 Septanm pase a, kote 77 sòlda ameriken te blese.

XS
SM
MD
LG