Otorite nan sèvis sekrè Pakistan di 2 aparèy yo sispèk kòm avyon telegide ameriken, touye 6 moun pou pi piti nan rejyon kote tribi ap viv nan pati nòdwès peyi a.
Daprè menm sous la, premye nan 2 atak yo ki fèt madi 28 desanm 2010 la frape yon kay nan Waziristan Nò, tou pre fwontyè Pakistan ak Afganistan.
O mwen 4 militan mouri. Yon ti tan apre sa, otorite yo fè konnen yon 2èm atak te vize menm objektif la, kote 2 lòt moun pèdi lavi yo.